Sonnekselans Teyofil, plizyè moun ekri deja sou istwa tout evènman ki te pase nan mitan nou yo. Yo rakonte nou yo jan yo te wè yo ak pwòp je pa yo depi nan kòmansman. Moun sa yo vin tounen sèvitè pawòl Bondye a. Se konsa, mwen menm tou, mwen chache konnen tout bagay sa yo byen depi nan konmansman yo. Kounyeya, mwen kwè se yon bon bagay pou m ekri yo tout, yonn apre lòt, jan sa te pase a pou ou menm tou, chèf mwen. Konsa w'a kapab rekonèt tou sa yo te moutre ou yo se verite yo ye. Nan tan Ewòd te wa nan peyi Jide a, te gen yon prèt yo te rele Zakari. Li te fè pati gwoup prèt Abiya yo. Madanm li te rele Elizabèt: se te yon moun ras Arawon, ansyen granprèt la. Yo tou de te mache dwat devan Bondye, yo t'ap swiv kòmandman Mèt la ansanm ak tout lalwa a san okenn repwòch. Men, yo pat gen pitit paske Elizabèt pat kapab fè pitit. Yo tou de te fin vye granmoun.
Li Lik 1
Koute Lik 1
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Lik 1:1-7
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo