Jid 1

1
Salitasyon
1Mwen #Mat 13.55 menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba pwoteksyon Jezikri.
2Mwen #2 Pyè 1.2 mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite.
Moun k'ap bay manti yo
3Zanmi m #1 Tim 1.18; 2 Pyè 1.5; 2.21 yo, mwen pat manke anvi ekri nou pou m te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m blije ekri nou kounyeya pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l yo. 4Paske, #Gal 2.4; 2 Pyè 2.1 gen kèk mechan ki gentan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Senyè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.
5Atout #Nonb 14.35; 1 Kor 10.5; 2 Pyè 1.12 nou deja konnen tout bagay sa yo byen pwòp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye #5: Bondye: Gen maniskri ki bay Senyè a osinon Granmèt la; gen lòt ankò ki bay Jezi. te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pat kwè yo. 6Chonje #Jen 6.1; Jan 8.44; 2 Pyè 2.4,9 tou ki jan zanj ki pat rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an. 7Menm #Jen 19.4-25; 2 Pyè 2.6,10 jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinay yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou pini yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun.
8Menm #2 Pyè 2.10 jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal. 9Menm #Da 12.1; Zak 3.2; 2 Pyè 2.11 Akanj Michèl, lè li t'ap plede ak dyab la pou kadav Moyiz, li pat penmèt li jije dyab la yon jan pou l te manke l dega. Men, li annik di li: Mèt la va regle avè ou. #9: Dapre sa ansyen nèg save nan legliz la ekri, se nan yon liv apokrif yo rele Moyiz moute nan syèl yo bay istwa sa a. 10Yo #2 Pyè 2.12 menm, okontrè, y'ap pale mal sou sa yo pa konnen. Sèl sa yo konnen se bagay ensten yo moutre yo, yo tankou bèt san konprann. Se bagay sa yo menm k'ap pèdi yo. 11Malè #Jen 4.8; 2 Pyè 2.15; Nonb 31.16; 16.22 pou yo! Y'ap fè menm wout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. Y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye. 12Moun #Eze 34.8; 2 Pyè 2.13 sa yo, se gate yo vin gate manje n'ap fè pou frè yo. Yo san wont konsa. Yo vin manje, yo vin bwè kont kò yo san chonje moun. Se pwòp tèt yo ase yo konnen. Yo tankou nyaj van ap gaye nan syèl la san bay lapli. Yo tankou pyebwa ki pa janm donnen, menm nan sezon rekòt. Wi, yo tankou pyebwa yo derasinen epi ki fin mouri nèt. 13Yo #Eza 57.20; 2 Pyè 2.17 tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi wout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.
14Depi #Jen 5.21; Det 33.2; Zak 14.5 lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo. 15L'ap #Mat 25.31 jije tout moun. L'ap kondannen tout mechan yo pou tout move bagay yo te fè kont Bondye. Moun sa yo ki te san respè pou Bondye, l'ap kondannen yo pou tout move pawòl yo te di sou li. #14-15: Se nan yon liv ki rele Premye liv Enòk la yo jwenn pawòl sa yo. 16Moun #2 Pyè 2.10,18 sa yo toujou ap bougonnen, y'ap plede plenyen sou sitirasyon yo. Se enterè yo ase y'ap chache. Depi yo louvri bouch yo, se vante y'ap vante tèt yo. Y'ap flate tout moun pou yo tire avantaj sou yo.
Avètisman ak konsèy
17Men, #2 Pyè 3.2 nou menm, zanmi m yo, toujou chonje pawòl apòt Senyè Jezikri yo te di nou davans lan. 18Yo #1 Tim 4.1; 2 Pyè 3.3 te di nou konsa: Lè dènye jou yo va rive, va gen anpil moun k'ap san respè pou bagay Bondye yo, moun k'ap pase nou anba betiz, moun k'ap viv dapre vye lide lanvi yo genyen. 19Se #1 Kor 2.14 moun sa yo k'ap simen divizyon. Yo kite egzijans lachè donminen yo. Se pa Lespri Bondye a k'ap dirije lavi yo. 20Men, #Kol 2.7; 1 Tes 5.11 nou menm, mezanmi, annou kontinye grandi toujou nan konfyans nou k'ap fè nou viv pou Bondye nèt ale. Avèk pouvwa Sentespri a, annou lapriyè san rete. 21Rete fèm nan renmen nou gen pou Bondye a, pandan n'ap tann Senyè nou, Jezikri, k'ap vin ban nou lavi ki p'ap fini an paske li gen pitye pou nou.
22Gen pitye pou frè yo ki nan doutans toujou. 23Lonje #Am 4.11; Zak 3.2; Jak 5.19; Rev 3.4 men delivre yo, rache yo sòti nan mitan dife a. Se pou nou gen pitye pou lòt moun yo tou. Men, fè atansyon, paske se pou nou rayi ata rad ki sou yo nan move lavi y'ap mennen an.
Benediksyon
24Kounyeya tout #1 Tes 5.23; Fil 1.10; 2 Pyè 3.14 lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite pou yon sèl Bondye a, pou Bondye ki ka kenbe nou pou nou pa tonbe, li menm ki kapab fè nou parèt san repwòch ak kè kontan devan l nan tout bèl pouvwa li. 25Li #Wòm 16.27; 1 Tim 1.17; 2 Pyè 3.18 menm, sèl Bondye ki delivre nou gremesi Jezikri, Senyè nou an, wi, se pou li tout lwanj, tout grandè, tout pouvwa ak tout otorite, depi nan tan lontan, kounyeya ak pou tout tan. Amèn.

Chwazi Kounye ya:

Jid 1: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte