Jozye 9:1-27

Jozye 9:1-27 HAT98

Nouvèl bagay sa yo rive nan zòrèy tout wa ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an sou solèy kouche, nan mòn yo, nan plenn yo, sou tout rivay lanmè Mediterane a, jouk peyi Liban sou bò nò. Te gen wa moun Et yo, wa moun Amori yo, wa moun Kanaran yo, wa moun Ferezi yo, wa moun Evi yo ak wa moun Jebis yo. Yo tout yo mete tèt ansanm pou yo goumen kont Jozye ak pèp Izrayèl la. Lè moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fè moun Jeriko yo ak moun Ayi yo, yo di yo pral pran li nan plan. Yo leve, yo fè pwovizyon, yo chaje bourik yo avèk yon bann vye sak ak veso fèt ak po bèt pou mete diven. Veso yo te tou kreve, yo te pyese nan tout kò yo. Moun Gabawon yo pati. Yo te menm rive mete vye sapat rapyese nan pye yo ak vye rad chire sou yo. Yo pran pen rasi kraze an miyèt moso, yo pote pou manje yo. Yo pati, yo vin jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Yo pale ak li ansanm ak mesye pèp Izrayèl yo, yo di yo konsa: — Nou sòti nan yon peyi ki byen lwen isit la. Ann pase yon kontra yonn ak lòt non! Men, mesye pèp Izrayèl yo di moun Evi yo konsa: — Pou di se pa toupre la a nou rete? Ki jan nou ta vle pou nou pase kontra ak nou? Moun Evi yo di Jozye: — Se sèvi nou vin sèvi ou! Jozye mande yo: — Men, ki moun nou ye menm? Ki bò nou sòti? Yo reponn li: — Mèt, nou sòti nan yon peyi byen lwen, paske nou tande pale ki moun Senyè a, Bondye ou la, ye. Nou pran nouvèl tou sa li fè nan peyi Lejip, ak tou sa li fè de wa moun Amori yo ki t'ap gouvènen lòt bò larivyè Jouden an: Siyon, wa peyi Esbon an ak Og, wa peyi Bazan an, ki te rete lavil Astawòt. Lè sa a, chèf nou yo ak tout moun ki rete nan peyi nou an di nou fè pwovizyon pou n'al vwayaje al kontre moun sa yo. N'a di yo konsa men nou vin sèvi yo. Tanpri, pase yon kontra ak nou. Gade pen nou rete. Yo te tou cho jou nou pati vin kontre nou an. Men, kounyeya, gade jan yo rasi, jan yo tounen ti miyèt. Lè nou te plen veso diven sa yo, yo te tou nèf. Gade kounyeya jan yo plen twou. Gade jan rad nou ak sapat nou fini tèlman nou mache anpil. Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Senyè a sa li di nan sa. Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt. Li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo sèmante yo p'ap fè yo anyen. Twa jou apre yo te fin siyen kontra a, moun pèp Izrayèl yo vin konnen moun sa yo te rete toupre a, nan mitan peyi Izrayèl la. Moun pèp Izrayèl yo leve, yo pati dèyè yo. Sou twa jou, yo rive nan lavil kote moun sa yo te rete a. Se te lavil Gabawon, lavil Kefira, lavil Beewòt ak Keryat-Jearim. Men moun Izrayèl yo pa te ka touye yo paske chèf Izrayèl yo sèmante ba yo nan non Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Yo p'ap fè yo anyen. Lè sa a, tout pèp la t'ap bougonnen sou do chèf yo pou sa. Men, chèf yo reyini tout moun, yo di yo: — Depi nou sèmante ba yo nan non Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, nou pa gendwa manyen yo. Konsa, poutèt sèman nou te fè a, se pou nou kite yo viv. Paske, si nou fè yo anyen, Bondye va pini nou. Wi, se pou yo viv. Men, n'a pran yo pou fann bwa, pou bwote dlo pou nou jan chèf yo te di a. Jozye fè chache moun Gabawon yo, li mande yo: — Poukisa nou ban nou gwo manti sa a? Nou di nou rete byen lwen, epi se la a, nan mitan nou, nou moun. Poutèt sa, madichon ap tonbe sou nou. N'ap toujou sèvi nou domestik. Depi jòdi a, se nou menm ki pou fann bwa, ki pou bwote dlo nou bezwen pou kay Bondye nou an. Yo reponn: — Mèt, nou te fè sa paske nou te vin konnen se tout bon Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay Moyiz, sèvitè l la, lòd pou li ba yo tout peyi sa a, pou li touye tout pèp ki rete ladan l pou fè plas pou yo. Konsa, lè nou vin konnen nou t'ap pwoche bò kote nou rete a, nou te pè anpil pou nou pat mouri. Se sa ki fè nou te fè sa. Kounyeya, nou nan men ou! W'a fè sa ou vle ak nou, jan ou santi ou dwe fè l la. Se konsa Jozye delivre yo anba men moun pèp Izrayèl yo, li pa kite yo touye yo. Depi jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pèp Izrayèl la ak pou lotèl Senyè a. Jouk jòdi a, se sa y'ap fè tout kote Senyè a chwazi pou yo adore l la.