Lè sa a, Jozye bati yon lotèl pou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, sou mòn Ebal. Li bati li dapre lòd Moyiz, sèvitè Senyè a, te bay moun pèp Izrayèl yo, jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la: N'a bati yon lotèl ak wòch ki pat janm travay ak zouti fè. Yo ofri sou lotèl la bèt yo touye pou boule nèt pou Senyè a, epi yo touye bèt pou mande Bondye padon. Antan yo la, Jozye pran lalwa Moyiz te ekri pou pèp Izrayèl la, li kopye l sou tout wòch lotèl la devan tout pèp la. Apre sa, tout pèp Izrayèl la vini ak chèf fanmi yo, dirèktè yo ak jij yo ansanm ak moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo, yo kanpe sou de bò Bwat Kontra Senyè a, ak fas yo vire ap gade moun Levi ki t'ap pote Bwat Kontra a sou zepòl yo nan mitan. Mwatye ladan yo te kanpe sou pant Mòn Garizim, mwatye sou bò mòn Ebal. Se konsa, depi lontan Moyiz, sèvitè Bondye a, te ba yo lòd kanpe lè lè a va rive pou yo resevwa benediksyon. Lèfini, Jozye li tout pawòl ki te nan liv lalwa a, pawòl benediksyon yo kou pawòl madichon yo, jan yo ekri nan liv lalwa a. Jozye li tout kòmandman Moyiz te bay yo san sote yon mo devan tout pèp Izrayèl la ki te reyini ansanm ak fanm yo, timoun yo ak tout moun lòt nasyon ki t'ap viv nan mitan yo.
Li Jozye 8
Koute Jozye 8
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 8:30-35
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo