Jozye 6:15-23

Jozye 6:15-23 HAT98

Sou setyèm jou a, yo leve lè bajou kase, yo mache menm jan an. Men, jou sa a yo fè wonn lavil la sèt fwa. Se jou sa a ase yo te fè wonn lavil la sèt fwa. Setyèm fwa a, apre prèt yo fin kònen kòn belye yo, Jozye di pèp la konsa: — Nou mèt rele kounyeya! Senyè a lage lavil la nan men nou! Nou pral ofri lavil la ak tou sa ki ladan l tankou yon ofrann pou Bondye. Nou pral touye dènye moun ki ladan l. Sèl moun ki va rete vivan, se va Rarab, jennès la, ak tout moun ki va lakay li, paske li te kache mesaje nou te voye yo. Men, nou menm, pa mete men nan sa nou gen pou nou detwi pou Senyè a. Si nou manyen sa nou gen pou nou detwi yo, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun. Tout bagay ki fèt ak lò, ak lajan, ak fè osinon ak kwiv, n'a mete yo apa pou Senyè a. N'a depoze yo nan depo richès Senyè a. Se konsa, yo kònen kòn belye yo. Tande pèp la tande son kòn belye yo, yo pouse yon sèl gwo rèl, epi miray ranpa lavil la tonbe plat atè. Epi chak moun pran mache dwat devan yo sou lavil la, yo anvayi l. Yo ofri tou sa ki nan lavil la bay Senyè a. Avèk nepe yo, yo touye tout moun nan lavil la, fanm kou gason, granmoun kou timoun, tout bèf, tout mouton, tout bourik. Jozye rele de mesye li te voye ankachèt al bay lavil Jeriko kontwòl, li di yo: — Ale kay jennès la. Fè li soti ak tout fanmi li, jan nou te pwomèt li a. Se konsa y ale, yo fè Rarab sòti ansanm ak papa l, manman l, frè l yo, tout rès fanmi l yo ak tou sa yo te genyen, yo enstale yo yon kote andeyò kan moun Izrayèl yo.