Moun Jeriko te fèmen tout pòtay lavil la byen fèmen. Yo te barikade yo poutèt moun Izrayèl yo. Deyò pa antre, anndan pa soti. Senyè a di Jozye konsa: — Koute byen. Mwen pral lage lavil Jeriko ansanm ak wa a ak tout vanyan sòlda li yo nan men ou. Ou menm ak tout sòlda pa ou yo, nou pral mache fè wonn lavil la yon fwa chak jou pandan sis jou. Sèt prèt va mache devan Bwat Kontra a, avèk sèt kòn belye pou kònen, yonn nan men yo chak. Men, sètyèm jou a, n'a mache fè wonn lavil la sèt fwa ansanm ak prèt k'ap kònen kòn belye yo. Lè n'a tande yon kout kòn ki trennen, tout pèp la va pran pouse yon sèl rèl byen fò. Miray ranpa lavil la pral tonbe plat atè. Lè sa a, chak moun va mache dwat devan yo sou lavil la.
Li Jozye 6
Koute Jozye 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 6:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo