Mwen menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Senyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre. Wi, menm jan Senyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an. Si nou pa respekte kontra Senyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n'al adore lòt bondye, si n'al fè sèvis pou yo, Senyè a pral move sou nou, epi lapoula, n'ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.
Li Jozye 23
Koute Jozye 23
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 23:14-16
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo