Lè sa a, Jozye fè rele tout moun nan branch fanmi Riben, nan branch fanmi Gad ak nan mwatye branch fanmi Manase a, li reyini yo, li di yo: — Nou fè tou sa Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou lòd fè a. Nou te koute m chak fwa mwen te mande nou fè kichòy. Depi nan konmansman rive jòdi a, nou pa lage moun pèp Izrayèl parèy nou yo, nou te fè tou sa Senyè a, Bondye nou an, te mande nou fè. Kounyeya, Senyè a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden. Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l fèm. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.
Li Jozye 22
Koute Jozye 22
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jozye 22:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo