Jòb 42:7-17

Jòb 42:7-17 HAT98

Lè Senyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l konsa: — Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pat pale tankou Jòb, sèvitè m lan. Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou dèske nou pat pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m lan, te fè l la. Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Senyè a te di yo fè a. Senyè a fè tou sa Jòb te mande l nan lapriyè a. Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l yo, Senyè a mete l kanpe ankò. Tout zafè l vin mache byen ankò. Lèfini, Senyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an. Tout frè ak sè l yo ansanm ak tout ansyen zanmi l yo vin wè li. Yo fè fèt avè l lakay li. Yo fè l konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Senyè a te voye sou li. Yo fè l pran kouray. Yo chak yo fè l kado yon pyès ajan ak yon bag lò. Apre sa, Senyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (14.000) mouton, simil (6.000) chamo, demil (2.000) tèt bèf ak mil (1.000) manman bourik. Li fè sèt pitit gason ak twa pitit fi. Li rele pi gran pitit fi a Jemina, dezyèm lan Kesya, twazyèm lan Kerèn-Apouk. Nan tout peyi a pat gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l yo ansanm ak frè yo. Jòb viv sankarantan. Li wè pitit pitit li yo jouk rive sou kat jenerasyon. Lè li mouri, li te fin vye granmoun, li te viv kont li.