Kote ou te ye lè m t'ap fè latè? Se pou ou reponn mwen si ou konn tout bagay! Ki moun ki te deside lajè l'ap genyen? Ki moun ki te pran mezi l? Eske ou konn sa? Sou kisa fondasyon latè chita? Ki moun ki te poze wòch ki kenbe l la? Jou maten sa a, tout zetwal yo t'ap chante, tout sèvitè Bondye yo t'ap bat bravo. Ki moun ki fèmen pòtay pou bare lanmè a, lè li pete sòti nan vant latè a? Lè mwen kouvri lanmè a ak nyaj, lè mwen vlope l nan gwo nyaj nwa yo
Li Jòb 38
Koute Jòb 38
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 38:4-9
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo