Pa gen pèsonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m di a. Kounyeya, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m lan ta voye papye nan tribinal pou mwen, mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san okenn wont. Mwen ta mare l sou tèt mwen, tankou yon kouwòn. Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l. Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè kounyeya tè a ap mande m kont, si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè kounyeya y'ap pote plent pou mwen, enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m kote ble ak lòj te konn pouse.
Li Jòb 31
Koute Jòb 31
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 31:35-40
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo