Yon jou, zanj Bondye yo te reyini ak Senyè a. Satan te vini tou. Senyè a mande l: — Kote ou sòti? Satan reponn: — Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade. Senyè a di Satan konsa: — Eske ou te wè Jòb, sèvitè m lan? Pa gen tankou l sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se kounyeya li kenbe m. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m pou m te fini avè l. Satan reponn li: — Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l pa mouri. Men, si ou manyen kò pa l menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pat dwe di sou ou nan figi ou. Senyè a di Satan konsa: — Ou mèt fè sa ou vle avè l. Men, pa touye l pou mwen. Lamenm, Satan vire do l, l ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l jouk nan po tèt li. Lè sa a, Jòb sòti, l'al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l. Madanm li di l konsa: — Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l byen joure, epi mouri mouri ou kont fini! Jòb di li: — Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l, Jòb pat kite okenn move pawòl sòti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye.
Li Jòb 2
Koute Jòb 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 2:1-10
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo