Si sèlman te gen yon moun pou kouche pawòl mwen yo, pou ekri yo sou papye, pou pran biren grave yo sou wòch, mete penti pou mak yo pa janm efase! Pou mwen menm, mwen konnen sa fen. Moun k'ap vin defann mwen an, li vivan. Se li menm k'ap kanpe andènye sou latè pou pale pou mwen. Apre mwen fin mouri, l'ap leve mwen kanpe ankò. Ak pwòp je mwen, m'ap wè Bondye mwen an. Se mwen menm menm k'ap wè l. Se p'ap yon lòt moun! Kè m ap fann, paske n'ap mande ki jan pou n fè m pase mizè ankò? Ki rezon n'ap jwenn nan mwen pou nou atake m? Men, atansyon pou se pa sou nou nepe a tonbe, lè Bondye va sòti pou pini moun ki antò yo. Lè sa a, n'a konnen gen yon moun k'ap jije tout bon.
Li Jòb 19
Koute Jòb 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 19:23-29
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo