Nou menm moun, se nan vant fanm nou sòti. Lavi nou kout, men li pa manke traka! Nou parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen. Nou disparèt tankou yon nyaj k'ap pase. Epi, Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade. Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l? Ki moun ki ka fè dlo pwòp sòti nan yon sous sal? Pèsonn moun. Tan chak moun gen pou l viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje. Tanpri, wete je ou sou mwen. Kite m pran yon ti souf. Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m pran yon ti kanpo.
Li Jòb 14
Koute Jòb 14
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jòb 14:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo