Jòb 1:1-22

Jòb 1:1-22 HAT98

Te gen yon nonm yo rele Jòb. Li te rete nan peyi Ouz. Se te yon nonm san repwòch. Li te dwa nan sa l'ap fè. Li te gen krentif pou Bondye. Li te toujou ap chache fè sa ki byen. Li te gen sèt pitit gason ak twa pitit fi. Li te gen sètmil (7.000) mouton, twamil (3.000) chamo, mil (1.000) tèt bèf, senksan (500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a. Pitit gason Jòb yo te konn reyini yonn lakay lòt pou fè gwo resèpsyon. Konsa, yo chak te gen jou pa yo. Yo te toujou envite twa sè yo vin manje, vin bwè ansanm ak yo tou. Chak lè yo fin fete konsa, Jòb fè yo tout vini lakay li. Nan maten, anvan bajou kase, li leve, li boule ofrann bay Bondye pou mande padon pou yo chak. Li te toujou fè sa, paske li t'ap di nan kè l: Ou pa janm konnen. Pitit gason m yo ka fè peche, yo ka di sa yo pat dwe di sou Bondye, san yo pa fè espre. Yon jou, zanj Bondye yo te reyini ak Senyè a. Satan te vini tou. Senyè a mande l konsa: — Kote ou sòti? Satan reponn: — M sot moute desann toupatou sou latè. Mwen t'ap pwonmennen gade! Senyè a di Satan konsa: — Eske ou te wè Jòb, sèvitè m lan? Pa gen tankou l sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Satan reponn li: — Atò, se pou gremesi Jòb gen krentif pou ou konsa a? Ou toujou pwoteje l, li menm, moun lakay li ansanm ak tou sa li genyen. Ou beni tou sa l'ap fè. Bèt li yo plen peyi a. Men, kite ou manyen byen li yo pou ou wè, m garanti ou, l'ap di sa l pat dwe di sou ou nan figi ou! Senyè a di Satan: — Bon! Ou mèt fè sa ou vle ak byen l yo. Men, m tou pale ou, li menm, pa manyen l! Se konsa Satan vire do l, l ale. Yon jou, pitit gason ak pitit fi Jòb yo te nan gwo resèpsyon kay pi gran frè a. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven. Yon mesaje kouri vin jwenn Jòb, li di l konsa: — Nou t'ap raboure tè ak bèf yo, fenmèl bourik yo t'ap manje toupre, lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. Mesye pat ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: — Loray tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa. Mesye pat ankò fin pale lè yon lòt moun rive, li di konsa: — Twa bann moun Kalde tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, y'ale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. Mesye t'ap pale toujou lè yon lòt moun vin rive, li di konsa: — Pitit gason ak pitit fi ou yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven lakay premye pitit gason ou lan, lè yon sèl gwo van leve soti nan dezè a. Li kraze kay la touye tout moun. Se renk mwen menm ase ki chape vin pote nouvèl la. Lè Jòb tande sa, li leve. Yon sèl lapenn pran l, li chire rad sou li, li koupe tout cheve nan tèt li, li lage kò l atè, li bese tèt li. Epi Jòb di: — San anyen, mwen soti nan vant manman mwen. M'ap tounen anba tè san anyen. Bondye bay, Bondye pran. Lwanj pou Bondye! Malgre tout malè sa yo ki te rive l, Jòb pat fè okenn peche, ni li pa janm di sa li pat dwe di sou Bondye.