Jezi t'ap pase yon kote konsa lè l wè yon nonm ki te avèg depi li te fèt. Disip li yo mande li: — Mèt, poukisa nonm sa a te fèt tou avèg en? Se peche pa l osinon peche manman l ak papa l ki lakòz sa? Jezi reponn yo: — Se pa ni peche pa l ni peche manman l ak papa l ki lakòz sa. Li fèt avèg, se pou moun ka wè sa pouvwa Bondye a ka fè nan li. Toutotan fè klè toujou, se pou m fè travay moun ki voye m lan ban m fè a. Talè konsa pral fè nwit, pèsonn p'ap ka travay. Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè. Apre li fin di pawòl sa yo, Jezi krache atè, li fè yon ti labou ak krache a, li fwote je nonm lan avèk labou a. Li di l konsa: — Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l tounen, li te ka wè nan tou de je l yo. Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di: — Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a! Gen moun ki t'ap di: — Se li menm wi. Gen lòt ki t'ap di tou: — Non. Se pa li. Men, li sanble l anpil. Lè sa a nonm lan di yo: — Se mwen menm menm. Yo mande li: — Kijan ou fè pa avèg ankò a? Li reponn yo: — Nonm yo rele Jezi a fè yon ti labou, li fwote je m ak labou a, epi li di m al lave figi m nan basen Siloe a. M ale. Lè m fin lave figi m, mwen wè m wè.
Li Jan 9
Koute Jan 9
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 9:1-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo