Jan 8:31-47

Jan 8:31-47 HAT98

Jezi di jwif ki te kwè nan li yo: — Si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou se disip mwen vre. N'a konnen verite a, verite a va ban nou libète. Yo di li: — Nou se pitit pitit Abraram. Nou pa janm esklav pèsonn. Ki jan ou ka fè di nou: N'a gen libète nou? Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Tout moun ki fè peche, se esklav peche yo ye. Yon esklav pa fè pati moun kay la pou tout tan. Men, yon pitit fè pati moun kay la pou tout tan. Si Pitit Bondye a ban nou libète, n'a lib tout bon. Wi, mwen konnen se pitit pitit Abraram nou ye vre. Men, n'ap chache touye m paske nou pa asepte sa m'ap moutre nou. M'ap di nou sa Papa m moutre mwen. Men nou menm, n'ap fè sa papa pa nou di nou fè. Yo reponn li: — Men, papa nou se Abraram. Jezi di yo: — Si nou te pitit Abraram tout bon, nou ta fè sa li menm li te fè. Gade kounyeya, m'ap di nou verite a jan Bondye te moutre m li, atousa n'ap chache touye mwen. Abraram pa janm fè bagay konsa. Men nou menm, n'ap fè sa papa nou ap fè. Yo reponn li: — Nou pa pitit deyò non. Nou gen yon sèl papa, se Bondye. Jezi di yo: — Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske se nan Bondye mwen soti. Se li menm ki voye mwen isit la. Mwen pa vini poukont mwen. Se li menm ki voye mwen. Poukisa nou pa konprann sa m'ap di nou la a? Paske nou pa kapab tande pawòl mwen yo. Se satan ki papa nou. Se sa ki fè nou vle fè sa papa nou mande nou. Depi nan kòmansman se sa ase l'ap fè: touye moun. Li pa janm pran pozisyon pou verite paske pa gen verite menm nan li. Depi li louvri bouch li se manti l'ap bay. Paske se mantò li ye. Se li papa tout manti. Men mwen menm, paske mwen pale verite, nou pa vle kwè mwen. Kilès nan nou ki ka bay prèv mwen fè peche? Si sa m di a se vre, poukisa nou pa kwè mwen? Tout moun ki moun Bondye, yo koute pawòl Bondye. Men nou menm, nou pa moun Bondye. Se sa k fè nou pa vle koute.