Dènye jou fèt la, se li ki te pi enpòtan. Jou sa a, Jezi kanpe devan foul moun yo, li di yo byen fò: — Si yon moun swaf dlo, li mèt vin jwenn mwen, li mèt vin bwè. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, y'ap wè gwo kouran dlo k'ap bay lavi koule sòti nan kè yo, jan sa ekri nan Liv la. (Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo ta pral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pat ankò desann sou pèsonn, paske Jezi pat ankò moute nan syèl la.)
Li Jan 7
Koute Jan 7
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 7:37-39
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo