Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou. Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l, paske se pou sa Bondye Papa a voye li. Lè sa a, yo mande li: — Kisa pou n fè si nou vle fè travay Bondye? Jezi reponn yo: — Sèl travay Bondye mande nou pou n fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a. Yo di li: — Ki mirak ou fè pou bay prèv dekwa pou nou wè epi pou nou kwè? Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje. Jezi reponn yo: — Anverite se vre: Moyiz pa te ban nou ki soti nan syèl la. Men se Papa mwen ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi. Yo di li: — Mèt, toujou ban n nan kalite pen sa a. Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf.
Li Jan 6
Koute Jan 6
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 6:26-35
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo