Jan 6:16-71

Jan 6:16-71 HAT98

Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a. Yo moute nan yon kannòt, yo pran travèse lanmè a nan direksyon Kapènawòm. Te fin fè nwit nèt, men Jezi pat ankò vin jwenn yo. Dlo lanmè a te move paske van an te fò. Yo te gentan naje zaviwon senk a sis kilomèt konsa deja, lè yo wè Jezi ki t'ap vin bò kannòt la. Li t'ap mache sou dlo a. Yo tout te pè. Men, Jezi di yo: — Se mwen menm. Nou pa bezwen pè. Yo te vle pran l nan kannòt la, men lamenm yo fè tè: yo te gentan rive kote yo taprale a. Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pat moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo. Men, te gen lòt kannòt ki te sòti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Senyè a te di Bondye mèsi a. Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pat la, yo moute nan kannòt sa yo, y'al chache l lavil Kapènawòm. Yo jwenn Jezi lòt bò lanmè a. Yo di li: — Mèt, kilè ou gentan rive isit la? Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou. Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l, paske se pou sa Bondye Papa a voye li. Lè sa a, yo mande li: — Kisa pou n fè si nou vle fè travay Bondye? Jezi reponn yo: — Sèl travay Bondye mande nou pou n fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a. Yo di li: — Ki mirak ou fè pou bay prèv dekwa pou nou wè epi pou nou kwè? Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje. Jezi reponn yo: — Anverite se vre: Moyiz pa te ban nou ki soti nan syèl la. Men se Papa mwen ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi. Yo di li: — Mèt, toujou ban n nan kalite pen sa a. Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf. Men, mwen te di nou sa: nou wè m, men nou pa kwè toujou. Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. Paske, se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan. Men sa moun ki voye m lan vle: li vle pou m pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la. Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen ap bougonnen konsa. Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye mwen an pa atire li. Mwen menm, m'ap resisite li nan dènye jou a. Se sa ki ekri nan liv pwofèt yo: Bondye menm ap moutre yo tout bagay. Tout moun ki koute Papa a, ki asepte tou sa l moutre yo, y'ap vin jwenn mwen. Sa pa vle di gen pèsonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki sòti bò kote Bondye ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo ki gen lavi ki p'ap janm fini an. Se mwen menm pen ki bay lavi a. Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, atousa yo mouri. Men, moun ki manje pen ki desann sot nan syèl la, yo p'ap janm mouri. Se mwen menm, pen ki bay lavi a, pen ki desann soti nan syèl la. Si yon moun manje pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m'bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou lavi tout moun. Pawòl sa yo fè jwif yo tonbe diskite yonn ak lòt. Yo t'ap mande: — Kouman nonm sa a kapab ban nou kò l pou n manje? Jezi di yo: — Anverite se vre: Si nou pa manje kò Moun Bondye voye nan lachè a, si nou pa bwè san li, nou p'ap gen lavi nan nou. Moun ki manje kò mwen, ki bwè san mwen, li gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè l leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Paske kò m, se yon manje tout bon, san mwen, se yon bwason tout bon. Moun ki manje kò m, ki bwè san m, y'ap fè yonn avè m, epi m'ap fè yonn avè yo tou. Papa ki voye m lan, li vivan. Se li menm ki ban m lavi. Konsa tou, moun ki manje m, m'a ba yo lavi. Se pen sa a ki desann soti nan syèl. Li pa tankou pen zansèt nou yo te manje a. Paske pen yo a pa te anpeche yo mouri. Moun ki manje pen sa a ap viv pou tout tan. Jezi te di pawòl sa yo antan l te nan sinagòg Kapènawòm lan ap moutre moun yo anpil bagay. Lè yo fin tande sa, anpil nan disip Jezi yo di: — Pawòl sa a di. Ki moun ki ka sipòte tande yon koze konsa? Jezi te gentan wè disip li yo t'ap bougonnen sou pawòl la. Li di yo: — Sa ofiske nou, pa vre? Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l te ye anvan an? Se lespri a ki fè viv, kò a pa vo anyen. Pawòl mwen di nou yo, se pawòl ki soti nan Lespri, se pawòlki pote lavi. Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l la.) Li di ankò: — Se poutèt sa mwen te di nou: pèsonn pa ka vin jwenn mwen si se pa Bondye Papa a ki fè sa pou li. Depi lè sa a, anpil nan disip yo wete kò yo, yo pa mache avè l ankò. Lè Jezi wè sa, li di douz disip yo: — Nou menm, nou pa vle ale tou? Simon Pyè reponn li: — Senyè, ki moun pou n'al jwenn? Se ou menm ki gen pawòl k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kounyeya nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a. Jezi reponn yo: — Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab. Li t'ap pale sou Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Paske, atout Jida te yonn nan douz disip yo, se li ki ta pral trayi li.