Si mwen pale byen sou tèt mwen, moun p'ap asepte sa m'di a pou verite. Men, se yon lòt k'ap pale byen sou mwen. Mwen konnen sa l'ap di sou mwen an, se verite. Nou te voye moun bò kote Jan. Li te di nou verite a jan l ye a. Mwen menm poutèt pa m, mwen pa bezwen pèsonn pale pou mwen. Men, mwen di nou sa pou nou kapab sove. Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a. Men, pou mwen menm, mwen gen yon lòt bagay ki pale an favè m ki pi bon toujou pase sa Jan te di sou mwen an. Se travay m'ap fè a, travay Papa m ban m fè a ki pale pou mwen. Sa fè wè se Papa a ki voye mwen. Papa ki voye m lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l, ni nou pa janm wè figi li. Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a. N'ap plede etidye sa ki ekri nan Liv la, paske nou mete nan tèt nou nou ka jwenn lavi ki pa janm fini an ladan li. Men, se Liv sa a menm ki pale sou mwen. Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an.
Li Jan 5
Koute Jan 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 5:31-40
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo