Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l konsa: — Tanpri, ban m ti gout dlo pou m bwè. (Disip li yo te ale lavil la achte manje.) Fanm Samari a di Jezi konsa: — Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pat gen rapò ak moun Samari.) Jezi reponn li: — Si ou te konnen kado Bondye bay la, si ou te konnen ki moun k'ap mande ou ti gout dlo a, se ou menm atò ki ta mande li ba ou ti gout dlo. Lè sa a, li ta ba ou nan dlo ki bay lavi a. Fanm lan di li: — Mesye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a? Se Jakòb, zansèt nou ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo, tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Eske ou vle di ou pi gran pase Jakòb ki te ban nou pi a? Jezi reponn li: — Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l swaf dlo ankò. Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an.
Li Jan 4
Koute Jan 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 4:7-14
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo