Fanm lan di li: — Mesye, ou pa gen veso pou tire dlo. Epitou, pi a fon anpil. Ki bò pou ou ta jwenn dlo ki bay lavi sa a? Se Jakòb, zansèt nou ki te ban nou pi sa a. Li te bwè ladan li. Tout pitit li yo, tout bèt li yo, se la yo te bwè tou. Eske ou vle di ou pi gran pase Jakòb ki te ban nou pi a? Jezi reponn li: — Tout moun ki bwè dlo sa a gen pou l swaf dlo ankò. Men, moun ki va bwè nan dlo m'ap ba li a, li p'ap janm swaf dlo ankò. Paske, dlo m'ap ba li a ap tounen yon sous dlo nan li k'ap ba li lavi ki p'ap janm fini an. Fanm lan di l: — Tanpri, mesye, ban m ti gout nan dlo sa a non pou m bwè, konsa mwen p'ap janm anvi bwè dlo ankò, mwen p'ap bezwen tounen isit la vin tire dlo.
Li Jan 4
Koute Jan 4
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 4:11-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo