Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò nan kay la. Fwa sa a, Toma te la tou. Tout pòt te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou. Apre sa li di Toma: — Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m yo. Lonje men ou, mete l la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande. Toma reponn li: — Senyè mwen, Bondye mwen! Jezi di li: — Koulyeya, paske ou wè mwen an, ou kwè. Enben, benediksyon pou tout moun ki kwè san yo pa wè! Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a.
Li Jan 20
Koute Jan 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 20:26-30
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo