Jan 20:19-31

Jan 20:19-31 HAT98

Menm jou dimanch sa a, nan aswè, disip yo te reyini nan yon kay. Yo te fèmen pòt yo akle paske yo te pè jwif yo. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou! Apre li fin di yo sa, li moutre yo de pla men l ak bò kòt li. Disip yo pat manke kontan lè yo wè Senyè a. Jezi di yo ankò: — Lapè avèk nou! Menm jan Papa a voye mwen an, se konsa mwen voye nou tou. Apre pawòl sa yo, li soufle sou yo, li di yo: — Resevwa Sentespri. Moun n'a padonnen peche yo, y'a jwenn padon. Moun n'a refize padonnen, yo p'ap jwenn padon. Men, twouve Toma, yonn nan douz disip yo ki te rele Jimo, pat la avèk yo lè Jezi te vini an. Lòt disip yo di li: — Nou wè Senyè a. Men, Toma reponn yo: — Si m pa wè mak klou yo nan pla men l, si m pa mete dwèt mwen nan plas kote klou yo te ye a, si m pa mete men m nan bò kòt li, mwen p'ap kwè. Yon senmenn apre sa, disip Jezi yo te reyini ankò nan kay la. Fwa sa a, Toma te la tou. Tout pòt te fèmen akle. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo, li di yo: — Lapè avèk nou. Apre sa li di Toma: — Mete dwèt ou isit la. Men. Gade men m yo. Lonje men ou, mete l la bò kòt mwen. Wete doutans nan kè ou. Kwè, tande. Toma reponn li: — Senyè mwen, Bondye mwen! Jezi di li: — Koulyeya, paske ou wè mwen an, ou kwè. Enben, benediksyon pou tout moun ki kwè san yo pa wè! Jezi te fè anpil lòt mirak ankò devan disip li yo, men nou pa rapòte yo nan liv sa a. Tou sa ki ekri nan Liv sa a, mwen ekri yo pou nou ka kwè Jezi se Kris la, Pitit Bondye, pou lè nou kwè a nou ka gen lavi nan li.