Jezi mande li: — Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Ki moun w'ap chache? Mari menm te kwè se te mèt jaden an. Se poutèt sa li di li: — Mèt, si se ou menm ki wete l, di m ki bò ou mete li. M'a v'al pran li. Jezi di li: — Mari! Mari vire bò kote Jezi, li di l an lang ebre: — Rabouni (sa vle di: Mèt). Jezi di li: — Pa manyen mwen! Mwen poko moute al jwenn Papa mwen. Ou menm, al jwenn frè mwen yo, di yo m'ap moute kot Papa mwen, Papa nou. M'ap moute kot Bondye mwen, Bondye nou. Se konsa Mari, moun Magdala a, al di disip yo: — Mwen wè Senyè a. Epi li rakonte yo sa Jezi te di li.
Li Jan 20
Koute Jan 20
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 20:15-18
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo