Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: — Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch. Lè yo fini, Jezi di yo: — Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la. Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pat konnen ki bò diven sa a te sòti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a, li di li konsa: — Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se kounyeya w'ap sèvi l. Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.
Li Jan 2
Koute Jan 2
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 2:7-11
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo