Se te lavèy jou saba a. Jwif yo pa te vle pou kadav la rete sou kwa a jou saba a paske jou repo a te yon gwo jou fèt. Yo mande Pilat pou li fè kraze janm moun ki kloure sou kwa yo pou fin touye yo. Epi pou li fè yo wete kadav yo. Se lè sa a, sòlda yo vini, yo kraze janm premye nonm yo te kloure sou kwa menm lè ak Jezi a. Apre sa, yo kraze janm dezyèm lan tou. Men, lè yo rive sou Jezi, yo wè li te gentan mouri. Se sa k fè yo pat kraze janm li yo. Men, yonn nan sòlda yo pèse bò kòt li avèk yon lans. Lamenm, dlo ak san koule sot nan twou a.
Li Jan 19
Koute Jan 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 19:31-34
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo