Pilat te bay lòd pou yo te fè yon pankat pou mete sou tèt kwa a. Yo te ekri sou li: Jezi, moun Nazarèt la, wa jwif yo. Anpil jwif te li sa ki te ekri sou pankat la. Kote yo te kloure Jezi sou kwa a te toupre lavil la. Pankat la menm te ekri nan twa lang: ebre, laten ak grèk. Lè sa a, chèf prèt jwif yo di Pilat konsa: — Pa ekri: Wa Jwif yo. Men, ekri pito: Nonm sa a di se wa jwif yo li ye. Pilat reponn yo: — Sa m ekri a, m ekri l nèt. Lè sòlda yo fin kloure Jezi sou kwa a, yo pran rad li yo, yo fè kat pil ak yo, yo separe yo bay chak sòlda yo yonn. Yo pran gwo rad san kouti a, rad ki te fèt ak yon sèl pyès depi anwo jouk anba a. Sòlda yo, yonn di lòt: — Nou p'ap chire rad sa a non. Annou fè tirajosò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa pawòl ki ekri nan liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo fè tirajosò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè.
Li Jan 19
Koute Jan 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 19:19-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo