Se konsa Pilat bay lòd pran Jezi pou yo bat li byen bat. Sòlda yo trese yon kouwòn avèk branch pikan, yo mete l nan tèt Jezi. Yo mete yon gwo rad wouj fonse sou li. Yo pwoche bò kote l, yo di li: — Bonjou, wa jwif yo. Epi yo souflete li. Pilat sòti ankò, li pale ak foul moun yo, li di: — Koute. Mwen pral mennen l isit la deyò pou nou ka konprann mwen pa jwenn okenn rezon pou m kondannen nonm sa a. Se konsa, Jezi sòti: li te gen kouwòn pikan an nan tèt li ak gwo rad wouj fonse a sou li. Pilat di yo: — Men nonm lan! Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l, yo konmanse rele: — Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Pran l, kloure l sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m kondannen l, mwen menm.
Li Jan 19
Koute Jan 19
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 19:1-6
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo