Jan 17:6-19

Jan 17:6-19 HAT98

Moun ou te pran nan lemonn ban mwen yo, mwen devwale yo ki moun ou ye. Se pou ou yo ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou. Kounyeya, yo konnen tou sa ou ban mwen se nan men ou yo sòti. Paske mwen ba yo pawòl ou te ban mwen an. Yo resevwa li. Yo rekonèt mwen sòti tout bon bò kote ou, yo kwè se ou ki voye m vre. M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. Tou sa m genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo. Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl, menm jan ou fè yon sèl avèk mwen. Pandan m te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pat pèdi, esèpte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Kounyeya, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m sou latè a, pou jan kè m kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale. Mwen te ba yo pawòl ou. Lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn. Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan. Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn. Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a. Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m nan lemonn lan. Se pou yo m'ap viv jan ou vle l la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l la, gremesi verite a.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 17:6-19