Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l anlè nan syèl la, li di: — O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou. Ou te ba li otorite sou tout moun dekwa pou li ka bay tout moun ou ba li yo lavi etènèl. Lavi etènèl, se konnen ou, ou menm sèl Bondye tout bon an, se konnen Jezikri, moun ou voye a. Mwen te fè yo wè bèl pouvwa ou sou tè sa a. Mwen fè tou sa ou te ban m fè. Kounyeya, Papa, ban mwen bèl pouvwa devan je ou, menm pouvwa mwen te genyen lè m te avè ou la depi anvan ou te kreye tout bagay.
Li Jan 17
Koute Jan 17
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 17:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo