Jan 16:20-33

Jan 16:20-33 HAT98

Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan. Lè yon fanm gen tranche, kè li sere, paske lè a rive pou li soufri. Men lè pitit la fèt, li bliye tout bagay deske li fè yon ti kreyati met sou tè a. Konsa tou, kounyeya nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pèsonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou. Jou sa a, nou p'ap poze m kèsyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, l'a ban nou li. Jouk kounyeya, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale. Mwen di nou tou sa anparabòl. Yon lè, mwen p'ap bezwen pale daki ak nou ankò. Men m'ap pale nou aklè sou Papa a. Jou sa a, n'a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m'ap lapriyè Papa a pou nou, paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m, paske nou kwè mwen sòti nan Papa a. Mwen sòti nan Papa a, mwen vin sou latè. Kounyeya, m'ap wete kò m sou latè a, mwen pral jwenn Papa a. Disip yo di li: — Se kounyeya w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl. Kounyeya nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pèsonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou sòti nan Bondye. Jezi reponn yo: — Nou sèten nou kwè kounyeya? Gade, yon lè gen pou rive, epi li rive deja, kote nou pral gaye, nou chak pral fè yon bò: nou pral bandonnen mwen poukont mwen. Men mwen pa poukont mwen vre, paske Papa a la avèk mwen. Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n soufri anpil sou latè. Men, pran kouray, lemonn deja pèdi devan mwen.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an