— Talè konsa, nou p'ap wè mwen devan je nou. Men talè konsa ankò, n'a wè mwen. Kèk disip li yo pran pale, yonn t'ap di lòt: — Sa sa vle di sa l'ap di nou la a: Talè konsa nou p'ap wè m, talè konsa n'a wè m ankò? Sa l vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a? Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l vle di. Jezi menm te konnen yo te vle poze l kèsyon. Li di yo: — Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m, talè konsa tou n'a wè m ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt kèsyon an? Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan. Lè yon fanm gen tranche, kè li sere, paske lè a rive pou li soufri. Men lè pitit la fèt, li bliye tout bagay deske li fè yon ti kreyati met sou tè a. Konsa tou, kounyeya nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pèsonn p'ap ka wete kontantman sa a nan kè nou. Jou sa a, nou p'ap poze m kèsyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, l'a ban nou li. Jouk kounyeya, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.
Li Jan 16
Koute Jan 16
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 16:16-24
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo