Jan 16:1-15

Jan 16:1-15 HAT98

— Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive. Y'a radye nou nan sinagòg yo. Rive yon lè, moun ki touye nou va mete nan tèt yo se sèvi y'p sèvi Bondye. Y'ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm. Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. — Mwen pat di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou. Men koulyeya, mwen di nou mwen pral jwenn moun ki te voye mwen an, epi nou yonn menm, nou pa mande mwen kote m'prale? Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase. Men, m'ap di nou laverite: L'ap pi bon pou nou wi si m'ale. Paske, si m'pa ale, moun ki pou vin pwoteje nou an p'ap vini. Men si m'ale, m'ap voye li. Li menm, lè l'a vini, l'a fè lemonn wè lerè yo sou kesyon peche, sou kesyon jistis ak sou kesyon jijman. Yo nan lerè sou kèsyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. Yo nan lerè sou kèsyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m ankò. Yo nan lerè sou kesyon jijman an paske chèf k'ap dominen lemonn lan deja jije. Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m di nou, men nou pa ka konprann yo kounyeya. Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive. Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo. Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an