Jan 15:8-20

Jan 15:8-20 HAT98

Men ki jan pouvwa Papa m lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye. Jan Papa a renmen m lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an. Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m lòd fè a, mwen renmen l menm jan li renmen m tou. Mwen di nou tou sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale. Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. Nou tout, se zanmi m nou ye depi nou fè sa m mande nou fè. Mwen p'ap rele nou domestik, paske yon domestik pa konnen sa mèt li ap fè. M'ap rele nou zanmi paske mwen fè nou konnen tou sa Papa a te moutre mwen. Se pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n ale, pou n ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen. Wi, men sa m mande nou: Se pou nou yonn renmen lòt. — Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou. Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. Chonje sa m te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m, y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 15:8-20