— Si moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo rayi nou, pa bliye yo te rayi m anvan yo te rayi nou. Si nou te moun lemonn, lemonn ta renmen nou, paske nou ta pou li. Men, mwen chwazi nou, mwen wete nou anba pouvwa lemonn. Se poutèt sa lemonn rayi nou: nou pa moun lemonn ankò. Chonje sa m te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m, y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou. Men, y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m lan. Si m'pa te vini, si m'pa te pale avè yo, yo pa ta antò, yo pa ta peche. Men koulyeya, yo pa gen eskiz pou peche yo. Moun ki rayi m, li rayi Papa m tou. Si m'pa te fè bagay okenn lòt moun pa te janm fè nan mitan yo, yo pa ta antò, yo pa ta peche. Men koulyeya, yo wè sa m'fè, yo rayi ni mwen ni Papa m'. Men, yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m san m pa fè yo anyen. Lè pwotektè nou an va vini, Lespri verite m'ap voye ban nou k'ap soti nan Papa a, li va pale pou mwen. Nou menm tou, nou va temwaye pou mwen. Paske, nou la avèk mwen depi nan kòmansman.
Li Jan 15
Koute Jan 15
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 15:18-27
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo