Jan 15:1-13

Jan 15:1-13 HAT98

— Mwen se pye rezen tout bon an. Papa m se moun k'ap okipe pye rezen an. Li koupe tout branch nan mwen ki pa donnen. Li netwaye tout branch ki donnen pou yo ka donnen plis toujou. Nou menm, avèk tou sa m moutre nou yo, nou deja nan kondisyon pou n fè volonte Bondye. Se pou nou fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou an. Yon branch pa ka donnen poukont li si li pa fè yonn ak kò pye a. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen. Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki fè yonn avè m, moun mwen fè yonn ak li, l'ap donnen anpil, paske nou pa kapab fè anyen san mwen. Moun ki pa fè yonn ak mwen, y'ap koupe l voye jete. L'ap cheche tankou yon branch bwa. Lè branch bwa yo cheche, yo ranmase yo, yo jete yo nan dife, yo boule yo. Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y'a ban nou li. Men ki jan pouvwa Papa m lan va parèt aklè: se lè nou donnen anpil, lè nou fè wè se disip mwen nou ye. Jan Papa a renmen m lan, se konsa mwen renmen nou tou. Nou menm, se pou nou renmen menm jan mwen renmen nou an. Si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè a, n'a renmen m tou menm jan mwen renmen nou an. Menm jan mwen menm, mwen fè tou sa Papa a te ban m lòd fè a, mwen renmen l menm jan li renmen m tou. Mwen di nou tou sa pou kè kontan m lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale. Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou. Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 15:1-13

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an