Jan 13:6-20

Jan 13:6-20 HAT98

Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l konsa: — Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen? Jezi reponn li: — Kounyeya ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, w'a konprann pita. Pye di li: — Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: — Si m pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò. Simon Pyè di li: — Si se konsa, Mèt, se pa pye m ase pou ou lave. Lave men m yo tou ansanm ak tèt mwen. Jezi di li: — Lè yon moun fin benyen, tout kò l pwòp. Se pye l ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp. (Jezi te konnen ki moun ki ta pral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.) Lè l fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: — Eske nou konprann sa m sot fè la a? Nou rele m Mèt, nou rele m Senyè. Nou gen rezon, se sa m ye vre. Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt. Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an. Sa m'ap di nou la a se vre wi: Yon sèvitè pa janm pi enpòtan pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi enpòtan pase moun ki voye li a. Kounyeya nou konn bagay sa yo. Benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou. — Lè m di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m lan, se li menm ki trayi mwen. M'ap tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m tou. Moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m lan.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an