Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: — Se kounyeya nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se kounyeya li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li. Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l talè konsa. Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, kounyeya m'ap di nou sa m te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m prale a. Men, m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an. Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.
Li Jan 13
Koute Jan 13
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 13:31-35
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo