Jan 13:18-30

Jan 13:18-30 HAT98

— Lè m di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m lan, se li menm ki trayi mwen. M'ap tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m tou. Moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m lan. Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l te boulvèse anpil. Li di yo kareman: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pat konnen ki moun li t'ap pale. Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li. Simon Pyè fè l siy pou l mande Jezi ki moun li t'ap pale. Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: — Senyè, kilès sa a? Jezi reponn li: — Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun w'a wè m'a lonje l bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l, li lonje l bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la. Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: — Sa ou gen pou fè a, fè l vit. (Pèsonn sou tab la pat konprann poukisa li te di l sa. Anpil te fè lide Jezi te vle di l al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.) Se konsa, Jida pran moso pen an. Lamenm li sòti. Te fin fè nwa deyò a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an