Jan 13:12-26

Jan 13:12-26 HAT98

Lè l fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: — Eske nou konprann sa m sot fè la a? Nou rele m Mèt, nou rele m Senyè. Nou gen rezon, se sa m ye vre. Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt. Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an. Sa m'ap di nou la a se vre wi: Yon sèvitè pa janm pi enpòtan pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi enpòtan pase moun ki voye li a. Kounyeya nou konn bagay sa yo. Benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou. — Lè m di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m lan, se li menm ki trayi mwen. M'ap tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m tou. Moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m lan. Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li santi kè l te boulvèse anpil. Li di yo kareman: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pat konnen ki moun li t'ap pale. Yonn nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li. Simon Pyè fè l siy pou l mande Jezi ki moun li t'ap pale. Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li: — Senyè, kilès sa a? Jezi reponn li: — Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun w'a wè m'a lonje l bay la, se li menm. Jezi pran yon moso pen, li tranpe l, li lonje l bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la.