Jan 13:1-12

Jan 13:1-12 HAT98

Se te jou lavèy fèt Pak jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou li te kite tè sa a pou li al jwenn Papa a. Li pa te manke renmen moun pa li yo ki nan lemonn lan. Li te renmen yo nètale. Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gentan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskaryòt la, pou l te trayi Jezi. Jezi te konnen pou tèt pa l li te sòti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay. Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l nan ren li. Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li konmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l lan. Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l konsa: — Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen? Jezi reponn li: — Kounyeya ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, w'a konprann pita. Pye di li: — Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: — Si m pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò. Simon Pyè di li: — Si se konsa, Mèt, se pa pye m ase pou ou lave. Lave men m yo tou ansanm ak tèt mwen. Jezi di li: — Lè yon moun fin benyen, tout kò l pwòp. Se pye l ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp. (Jezi te konnen ki moun ki ta pral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.) Lè l fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: — Eske nou konprann sa m sot fè la a?