Lè yon moun tande pawòl mwen yo, si l pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo. Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l lè dènye jou a va rive. Se pa pawòl pa m m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m lan, se li menm ki ban m lòd sa pou m di ak sa pou m pale. Mwen menm, mwen konnen tout kòmandman l yo bay lavi ki p'ap janm fini an. Se sa k fè sa m'ap di a, m'ap di l jan Papa m te ban m lòd la.
Li Jan 12
Koute Jan 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 12:47-50
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo