Jezi reponn yo: — Kounyeya, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l'ap bay anpil grenn. Moun ki renmen lavi l ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l sou latè a, l'ap konsève l pou lavi ki p'ap janm fini an. Si yon moun ap sèvi m, se pou l swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen. — Men kounyeya, kè m boulvèse. Mwen pa konn sa pou m di. Mwen ta di: Papa, delivre m anba sa ki pral rive kounyeya. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m pase tan soufrans sa a. Papa-o, fè wè pouvwa ou non! Lè sa a, yon vwa sòti nan syèl la, li di: — Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l ankò.
Li Jan 12
Koute Jan 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 12:23-28
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo