Sis jou anvan fèt Pak jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te resisite a. Nan denmen maten, tout foul moun ki te vini pou fèt Pak jwif yo, yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. Antan l te la, yo ofri l manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi. Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele n'a. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a.
Li Jan 12
Koute Jan 12
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 12:1-3
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo