Jan 12

12
Mari vide odè sou pye Jezi
(Matye 26.6-13; Mak 14.3-9)
1Sis jou anvan fèt Pak jwif yo, Jezi #Mat 26.6-13; Mak 14.3-9 tounen Betani #Jan 11.1,43 kote Laza te rete a. Laza se nonm li te resisite a. Nan denmen maten, tout foul moun ki te vini pou fèt Pak jwif yo, yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. 2Antan l #Lik 10.40 te la, yo ofri l manje. Se Mat ki t'ap sèvi manje a. Laza menm te pami moun ki te chita bò tab la avèk Jezi. 3#Lik 7.38 sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele n'a. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a. 4Yonn nan disip Jezi yo, sa ki ta pral trayi l la, Jida Iskaryòt, di konsa:
5— Poukisa yo pat vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a.
6Li #Lik 8.3 pat di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li. 7Men, Jezi di li:
— Kite l an repo! Kite l konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m nan kavo a. 8Kanta #Det 15.11 pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m tout tan.
Y'ap fè konplo sou do Laza
9Yon gwo foul moun vin konnen Jezi te Betani. Y'ale Betani, pa sèlman poutèt Jezi, mentou pou wè Laza Jezi te fè leve sòti vivan nan lanmò a. 10Lè sa a, chèf prèt yo pran desizyon pou yo touye Laza tou, 11paske, poutèt li, anpil jwif t'ap vire do ba yo, yo t'ap kwè nan Jezi.
Jerizalèm kanpe pou resevwa Jezi
(Matye 21.1-11; Mak 11.1-11; Lik 19.28-40)
12Nan #Mat 21.1-11; Mak 11.1-10; Lik 19.29-40 denmen, tout foul moun ki te vini pou fèt Delivrans jwif yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm. 13#Sòm 118.25,26 sa a, yo koupe fèy palmis, yo soti ale kontre li. Yo t'ap plede rele:
— Beniswa Letènèl! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la! Wi, benediksyon pou Wa pèp Izrayèl la!
14Jezi #Zak 9.9 te jwenn yon ti bourik. Li moute chita sou li, jan sa te ekri nan Liv la:
15Nou pa bezwen pè, nou menm ki nan lavil Siyon an.
Gade, men wa nou an ap vini:
Li moute yon jenn ti bourik.
16Disip #Jan 7.39 yo pat konprann bagay sa yo lamenm. Men, se jouk apre, lè Jezi te fin moute nan syèl la, yo vin chonje tout bagay sa yo te ekri davans nan Liv la, epi se sa menm ki te rive lè moun yo te fè sa pou li.
17Te gen anpil moun ki te la avèk Jezi lè l te rele Laza pou l te fè l sòti nan kavo a, lè l te fè l leve sòti vivan nan lanmò a. Yo tout t'ap rakonte sa yo te wè. 18Se konsa, foul moun yo te vin konnen li te fè mirak sa a. Se poutèt sa yo te vin kontre li. 19Farizyen #Jan 11.48 yo menm, yonn t'ap di lòt:
— Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!
Kèk moun Lagrès ap chache wè Jezi
20Te #Jan 7.35; 11.55 gen kèk moun peyi Lagrès nan moun ki te vin Jerizalèm pou adore pandan fèt la. 21Y'al #Jan 1.44; Lik 19.3; 23.8 jwenn Filip (ki te moun Betsayda nan peyi Galile), yo di l konsa:
— Mesye, nou ta renmen wè Jezi.
22Filip al di Andre sa. Epi yo tou de al di Jezi sa. 23Jezi reponn yo:
— Kounyeya, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a. 24Sa #Wòm 14.9; 1 Kor 15.36 m'ap di nou la a, se vre wi: Yon grenn mayi ap rete pou kont li toutotan li pa tonbe atè pou l mouri. Men tou, si l mouri, l'ap bay anpil grenn. 25Moun #Mat 10.39; Lik 14.26; 17.33 ki renmen lavi l ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l sou latè a, l'ap konsève l pou lavi ki p'ap janm fini an. 26Si #Jan 14.3; 17.24 yon moun ap sèvi m, se pou l swiv mwen tou. Konsa, tout kote m'a ye, sèvitè mwen va la tou. Papa m va leve tèt tout moun k'ap sèvi mwen.
Jezi pale sou lanmò l
27— Men #Sòm 6.3; 42.5; Mat 26.38 kounyeya, kè m boulvèse. Mwen pa konn sa pou m di. Mwen ta di: Papa, delivre m anba sa ki pral rive kounyeya. Men, se pou sa menm mwen vini, pou m pase tan soufrans sa a. 28Papa-o, fè #Jan 1.51; 5.37; Mat 3.17; 17.5 wè pouvwa ou non!
Lè sa a, yon vwa sòti nan syèl la, li di:
— Mwen fè wè pouvwa non mwen deja. M'ap fè wè l ankò.
29Foul #Lik 22.43 moun ki te la yo tande vwa a. Yo t'ap di:
— Se yon kout loray!
Gen lòt ki t'ap di:
— Se yon zanj Bondye ki pale avèk li.
30Men, #Jan 11.42 Jezi di yo:
— Se pa pou mwen non vwa a pale, se pou nou menm pou nou ka tande. 31Kounyeya, lè #Jan 14.30; 16.11; Lik 10.18 a rive pou yo jije moun ki sou tè sa a. Kounyeya, yo pral mete chèf k'ap dominen lemonn lan deyò. 32Men #Jan 8.28 mwen menm, lè y'a leve m anlè sou tè a, mwen gen pou m rale tout moun vin jwenn mwen.
33(Lè l di sa, li t'ap moutre yo ki jan li ta pral mouri.)
34Foul #Sòm 110.4; Eza 9.7; Da 7.14 moun yo reponn li:
— Nan Liv lalwa nou an, nou wè Kris la gen pou l viv pou tout tan. Ki jan ou ka di se pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a anlè? Kilès ki Moun Bondye voye nan lachè a? #12.34: Pa gen yon kote dirèk nan liv Ansyen Kontra yo kote nou ka jwenn pawòl sa a.
35Jezi #Jan 8.12; 9.5; 11.10 reponn yo:
— Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l prale. 36Mete #Ef 5.8; Mat 23.39 konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l lan, pou nou kapab moun limyè a.
Jwif yo refize kwè nan Jezi
Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l, l'al kache byen lwen. 37Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pat kwè nan li. 38Se #Eza 53.1; Wòm 10.16 konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre:
Bondye, kilès ki te kwè mesay nou te bay la?
Ki moun ki te rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive a?
39Non. Yo pat kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò:
40Bondye #Eza 6.9,10; Mat 13.14,15 bouche je yo.
Li bouche lespri yo,
pou yo pa wè,
pou yo pa konprann,
pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ka geri yo.
41Ezayi #Eza 6.1 te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li.
42Malgre #Jan 7.48; 9.22 sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pat kite moun wè sa pou yo pat mete yo deyò nan sinagòg la. 43Yo #Jan 5.44 te pito lwanj ki sòti nan men lèzòm pase lwanj ki sòti nan men Bondye.
Pawòl Jezi yo ap jije lèzòm
44Jezi #Mat 10.40 pale byen fò, li di:
— Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen sèlman li kwè, men li kwè nan moun ki voye m lan tou. 45Moun #Jan 14.9 ki wè m, li wè moun ki voye m lan tou. 46Mwen #Jan 8.12; 12.35 menm, mwen se limyè pou lemonn lan. Moun ki kwè nan mwen, yo p'ap rete nan fènwa. 47#Jan 3.17; 8.15; Lik 9.56 yon moun tande pawòl mwen yo, si l pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo. 48Men, #Eb 4.12; Rev 19.15 moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l lè dènye jou a va rive. 49Se pa pawòl pa m m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m lan, se li menm ki ban m lòd sa pou m di ak sa pou m pale. 50Mwen #Jan 8.26,28 menm, mwen konnen tout kòmandman l yo bay lavi ki p'ap janm fini an. Se sa k fè sa m'ap di a, m'ap di l jan Papa m te ban m lòd la.

Chwazi Kounye ya:

Jan 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte