Lè Jezi tande nouvèl la, li di: — Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a. Jezi te renmen Mat, Mari, sè l la, ansanm ak Laza. Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l te ye a. Apre sa, li di disip li yo: — Ann tounen nan Jide. Disip li yo reponn li: — Mèt, sa pa gen lontan sa non, jwif yo t'ap chache kalonnen ou wòch, epi koulyeya ou vle tounen laba a ankò? Jezi di yo: — Gen douzèdtan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite paske li wè kote l'ap mete pye li. Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap frape pye li paske li pa gen limyè nan li. Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: — Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li. Disip yo reponn li: — Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri. Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè. Lè sa a, Jezi di yo klè: — Laza mouri. Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pat la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li.
Li Jan 11
Koute Jan 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 11:4-15
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo