Sa te fè Jezi pi mal ankò. L'al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li. Jezi di yo: — Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l konsa: — Senyè, li dwe konmanse santi deja, sa fè kat jou depi l nan kavo a. Jezi reponn li: — Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, w'a wè pouvwa Bondye? Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l anlè nan syèl la, li di: — Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m, men se poutèt moun sa yo ki bò kote m lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. Lè l fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: — Laza, sòti deyò! Mò a sòti, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal, figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: — Demare l non, kite l ale.
Li Jan 11
Koute Jan 11
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: Jan 11:38-44
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo