Jan 11:17-44

Jan 11:17-44 HAT98

Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gentan antere depi kat jou. Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis. Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a. Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, l'al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la. Mat di Jezi konsa: — Mèt, si ou te la, frè m lan pa ta mouri non. Men, mwen konn sa: menm kounyeya, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li. Jezi di li: — Frè ou la va leve vivan ankò. Mat reponn li: — Wi, mwen konn sa. Li gen pou l leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve. Jezi di li: — Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri. Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa? Mat reponn: — Wi, Senyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini nan lemonn lan. Lè Mat fin di sa, l'al rele Mari, sè l la, li di l nan zòrèy: — Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li. Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi. (Jezi pat ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l la.) Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l, lè yo wè l leve sòti, yo swiv li. Yo te konprann li ta pral kriye bò kavo a. Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l, li lage kò l atè nan pye l, li di l konsa: — Senyè, si ou te la, frè m lan pa ta mouri. Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif ki te vin avè l yo, sa te fè l mal anpil, kè l t'ap fann. Li mande yo: — Ki bò nou antere li? Yo reponn li: — Senyè, vin wè non. Dlo kouri nan je Jezi. Lè sa a, jwif yo di: — Gade jan li te renmen l non! Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: — Li menm ki louvri je avèg yo, li pat kapab anpeche Laza mouri? Sa te fè Jezi pi mal ankò. L'al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li. Jezi di yo: — Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l konsa: — Senyè, li dwe konmanse santi deja, sa fè kat jou depi l nan kavo a. Jezi reponn li: — Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, w'a wè pouvwa Bondye? Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l anlè nan syèl la, li di: — Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen. Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m, men se poutèt moun sa yo ki bò kote m lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen. Lè l fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: — Laza, sòti deyò! Mò a sòti, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal, figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: — Demare l non, kite l ale.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Jan 11:17-44